Ajans pou Moun Andikape APD sousye li anpil Nou Sèvi Rezidan Florida ki Gen Andikap nan Devlòpman (APD logo) Agency for Persons with Disabilities State of Florida - - - - - Ajans lan Agency for Persons with Disabilities (APD) (Ajans pou Moun Andikape) travay an patenarya ak kominote lokal yo pou sipòte moun ki gen andikap nan devlòpman yo pou yo ka viv, aprann epi travay nan kominote yo. APD bay sèvis ak sipò ki esansyèl pou kliyan ki gen andikap nan devlòpman yo pou yo ka reyalize tout potansyèl yo. Ajans lan sèvi moun ki gen spina bifida (ki rachitik), otis, paralizi serebral, Sendwòm Prader-Willi, epi retadasyon mantal. Yo pa chaje anyen ni pa gen kopeman pou sèvis ajans lan bay yo. Elijibilite Yon moun dwe abite nan Florida, gen omwen laj 3 an, epi gen yon andikap nan devlòpman ki te rive anvan laj 18 an pou li kalifye pou sèvis APD yo. Timoun ki laj twa a senk an epi ki nan risk pou yo dyagnostike yo ak yon andikap nan devlòpman kapab jwenn sèvis nan APD tou. APD kapab fè yon evalyasyon gratis pou detèmine si yon moun kalifye pou sèvis. Pwogram yo Gen plizyè pwogram pou dispans kote kliyan APD yo kapab jwenn sèvis nan kominote yo gras a finansman ki genyen pou pwogram sa yo. Gen lòt kliyan yo bay sèvis san yo pa enskri nan yon pwogram pou dispans. Gen kèk kliyan APD ki jwenn sèvis nan 2 Developmental Disability Centers (Sant pou Andikap nan Devlòpman). Ajans lan ede plis pase 35,000 rezidan Florida ki gen andikap nan devlòpman chak ane. Kategori Dispans Medicaid yo APD bay tout yon seri sèvis ki nesesè nan pwennvi medikal pou apeprè 31,000 kliyan ki enskri koulyeya nan 4 pwogram dispans Medicaid genyen nan Florida pou andikap nan devlòpman—yo rele kategori dispans yo. Nan sèvis sa yo kapab genyen terapi okipasyonèl ak fizyoterapi, sèvis enfimyè, konsèy sou lasante mantal, asistans nan swen pèsonèl, transpòtasyon, konpayon, terapi pou konpòtman, sipò adomisil, sèvis dantè pou granmoun, swen nan lazil moun malad. Gen twa dispans ki gen limit finansyè ladan yo. Yo mete yon moun nan yon kategori dapre nivo sèvis li bezwen an, sitiyasyon lap viv koulyeya, epi lòt konsiderasyon. • Kategori 1, Limit $150,000 pa ane (Gen kèk eksepsyon) • Kategori 2, Limit $53,625 pa ane • Kategori 3, Limit $34,125 pa ane • Kategori 4, Limit $14,422 pa ane Kategori dispans yo sipòte moun ki abite nan pwòp kay yo oswa nan kominote a. Enskripsyon nan nenpòt nan kategori sa yo limite epi li depann de finansman ki disponib la. Moun ki nan gwo pwoblèm jwenn priyorite nan enskripsyon. Moun ki pa gen kay pou yo rete, ki poze yon danje pou tèt pa yo oswa lòt moun, oswa ki ki pa gen moun pou okipe yo kapab kalifye pou yon bagay yo idantifye kòm yon kriz. Pwogram Consumer-Directed Care Plus (CDC+) pèmèt kliyan ki nan dispans sa yo dirije pwòp swen pa yo epi devlope yon plan dacha pou administre bidjè yo genyen chak mwa a pou yo ka satisfè pwòp swen pa yo alontèm. Florida gen pwojè CDC+ ki pi gwo e pi konplè nan peyi a, li gen apeprè 3,000 moun ki gen andikap nan devlòpman ki enskri ladann koulyeya. Sant pou Andikap nan Devlòpman Gen moun ki gen andikap nan devlòpman ki prefere resevwa sèvis ak sipò pandan yap viv nan yon kay ansanm ak moun ki gen menm andikap avèk yo. Eta Florida a gen 2 sant: Sant Sunland lan nan Marianna ak Sant Tacachale la nan Gainesville. Gen apeprè 700 moun kap viv nan lokal sa yo koulyeya. Anplis, ajans lan sèvi moun yo deklare ki enkonpetan pou parèt nan tribinal pou jijman poutèt yo gen yon andikap nan devlòpman. Se nan sant APD yo ak nan yon lokal ki nan Chattahooche yo sèvi moun sa yo. Gen apeprè 200 moun kap viv nan lokal sa yo. Kouman pou Aplike pou Sèvis Yon moun ki genyen oswa ki kapab gen yon andikap nan devlòpman li, oswa reprezantan li, ki gen otorizasyon, kapab aplike pou sèvis nenpòt ki lè si li kontakte biwo Ajans pou Moun Andikape nan zòn kote yo rete a. APD gen 14 biwo lokal ki bay sipò ak sèvis pou moun ki gen andikap nan devlòpman yo, toupatou nan eta a. Biwo Lokal ak Sant APD yo Zòn 1 • (850) 595-8351 • Escambia, Okaloosa, Santa Rosa, Walton Zòn 2 • (850) 487-1992 • Bay, Calhoun, Franklin, Gadsden, Gulf, Holmes, Jackson, Jefferson, Leon, Liberty, Madison, Taylor, Wakulla, Washington Zòn 3 • 1-888-665-4955 • Alachua, Bradford, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Lafayette, Levy, Putnam, Suwannee, Union Zòn 4 • (904) 992-2440 • Baker, Clay, Duval, Nassau, St. Johns Zòn 7 • (407) 245-0440 • Brevard, Orange, Osceola, Seminole Zòn 8 • (239) 338-1370 • Charlotte, Collier, Glades, Hendry, Lee Zòn 9 • (561) 837-5564 • Palm Beach Zòn 10 • (954) 467-4218 • Broward Zòn 11 • (305) 349-1478 • Dade, Monroe Zòn 12 • (386) 947-4026 • Flagler, Volusia Zòn 13 • (352) 330-2749 • Citrus, Hernando, Lake, Marion, Sumter Zòn 14 • (863) 413-3360 • Hardee, Highlands, Polk Zòn 15 • (772) 468-4080 • Indian River, Martin, Okeechobee, St. Lucie Zòn Suncoast • (813) 233-4300 • De Soto, Hillsborough, Manatee, Pasco, Pinellas, Sarasota Sant Sunland lan • (850) 482-9210 • Marianna Sant Tacachale la • (352) 955-5000 • Gainesville Pwogram pou Defandè ki Retade Mantal (850) 663-7567 • Chattahoochee - - - - - Agency for Persons with Disabilities (Ajans pou Moun Andikape) 4030 Esplanade Way, Suite 380 Tallahassee, FL 32399-0950 1-866-APD-CARES (1-866-273-2273) (850) 488-4257 apdcares.org JUNE. 2010