iBudget Florida Bidjè Pèsonèl pou Moun Ki Jwenn Sèvis nan Pwogram APD Genyen pou Dispans Medicaid pou Andikap nan Devlòpman apd Agency for Persons with Disabilities State of Florida Ajans pou Moun Andikape - - - - - Gen anpil chanjman ki fèt nan sistèm dispans Medicaid pou moun ki gen andikap nan devlòpman resaman. Gen yon lòt chanjman ki pral fèt—youn anpil moun kontan anpil pou li. iBudget Florida Senplisite Egalite Se oumenm ki dirije l Dirabilite Sou demann Agency for Persons with Disabilities [Ajans pou Moun Andikape] (APD) ansanm ak anpil moun ki enterese yo, Lejislati 2010 la apwouve iBudget Florida. iBudget Florida ap yon jan nouvo pou moun ki gen andikap nan devlòpman enskri nan dispans Medicaid la pou yo jwenn sèvis. iBudget Florida ap ranplase sistèm kategori a. APD ap mete nouvo pwogram sa a ann aplikasyon apre li fin resevwa apwobasyon federal. Dispans pou Lavni an Se—iBudget Florida Nan iBudget Florida, wap jwenn yon montan depi okòmansman pou yon bidjè anyèl. Wap gen anpil kontwòl sou ki sèvis dispans ou depanse li. Nan anpil sikonstans, ou pap bezwen otorizasyon davans pou sèvis. Epitou, kliyan ki nan Kategori 4 yo ap gen yon seri sèvis ki pi asòti pou yo chwazi, san yo pa bliye sèvis dantè pou adilt. Finansman ap pi jis. Kowòdonatè sipò pou dispans yo ap gen mwens dokiman pou yo prepare epi plis tan pou ede ou. Non sèlman chanjman sa yo ap nan avantaj ou, yap ede sistèm dispans lan vin pi daplon e pi dirab tou. Sistèm iBudget Florida a ap ede APD depanse egzakteman kantite lajan Lejislati a bay pou sèvis pou dispans yo. Ann echanj pou nouvo kontwòl, fleksibilite, ak pi plis chwa wap gen nan iBudget Florida a, APD ap bezwen èd ou. Wap gen pou chwazi ak anpil atansyon ki bezwen ou satisfè ak iBudget ou a epi fè l dire tout ane a. Se moun ki gen bezwen ki chanje dramatikman sèlman ki kapab resevwa ogmantasyon iBudget pandan ane a. Men, wap kapab fasilman chanje planfikasyon kantite li koute pou satisfè bezwen ou yo kap chanje a nan iBudget ou. Kowòdonatè sipo ou la ap ede w satisfè lòt bezwen ou yo nan Plan Medicaid ki gen nan Eta a, nan sipò natirèl, ak nan resous ki gen nan kominote a. iBudget Florida ap pi senp epi pi jis ak egal, se oumenm kap dirije li, epi sistèm lan ap dirab, paske lap ba w tout yon seri chwa anplis, pi plis fleksibilite epi plis kontwòl. Ak Kisa Dispans pou Lavni an Sanble? APD ak kliyan yo, manm fanmi yo, kowòdonatè sipò yo, ak founisè sèvis yo, travay ansanm pou kreye yon nouvo sistèm pou dispans. Nou mande tèt nou: Kouman sistèm pou dispans lan ta ka pi senp? Kouman moun ta ka chwazi epi chaje sèvis dispans yo pi vit e pi fasilman, ak mwens dokiman epi ak mwens nesesite pou apwobasyon pou otorizasyon davans pou sèvis (PSA)? Kouman li ta ka pi jis e egal? Kouman finansman ta ka pi jis, epi kouman moun ta ka jwenn aksè nan plis sèvis— espesyalman sa ki nan Kategori 4 yo? Kouman moun lan ta ka jere l pi plis poukont li? Kouman moun ta ka gen plis kontwòl sou kalite ak kantite sèvis yo jwenn yo? Kouman li ta ka pi dirab? Kouman nou ta ka garanti APD ap la pou sèvi kliyan yo pandan lontan? Kouman APD ta ka evite defisi epi kouman li ta kapab ede moun kap tann sèvis yo? iBudget Florida Senplisite Egalite Se oumenm ki dirije l Dirabilite Agency for Persons with Disabilities (Ajans pou Moun Andikape) 4030 Esplanade Way, Suite 380 Tallahassee, FL 32399-0950 1-866-APD-CARES (1-866-273-2273) (850) 488-4257 apdcares.org JUNE 2010